Lide prensipal ak Objektif SALT :
​
Anseye yon mòd viv selon Bib la:
Edike. Anseye prensip finans biblik pandan nou bay metòd k’ap ede moun devlope epi jere sa Bondye deja mete nan men yo. Dezi nou se pou voye monte fanmi ak legliz ki pran responsabilite yo.
Dire a long tèm :
Objèktif nou se pou mache ak moun jiskaske yo aprann okipe tèt yo yon jan k’ap dire. Nou vle wè lè moun fin swiv pwogram nou yo yo konprann kisa sa vle di—« Swiv Jezi », epi pou yo kapab fè fas ak nesesite debaz nan pwòp fwaye pa yo a long tèm.
Jere sa ou Genyen :
Nou renmen wè moun fokis sou byen sèvi ak resous Bondye deja mete sou kont yo, olye pou yo gade sou sa yo pa genyen.
Bonkè Kretyen :
Tout pwogram nou yo gen pou demontre kè sansib pou pòv yo, epi ede chak kliyan mache vè lavan.
Anseye Responsabilite :
Nou mande yon ti frè pou sèvis nou rann yo. Se pou anseye responsabilite epi pou montre kliyan yo jan yo kapab. Yo ka bay tou, se pa resevwa sèlman. Bi nou an se : pa janm fè pou kliyan an sa l’ ka fè pou tèt pa l’.
Sistèm avèk Responsabilite :
Plan nou se pou chak nivo nan chak pwogram gen sistèm pou rann kont pou sa y’ap fè. Nou kolabore ak lòt misyon epi ak kliyan ki dakò mache dapre Pwosedi Operasyon Estanda nou an.
Entegrite Absoli :
Objèktif nou se anseye epi aji avèk entegrite nan tout pwogram nou yo.
​
​
Men kisa sig SALT la siyifi:
S- Shared = Pataje
A- Accountability = Rann kont
L- Lending = Prete
T- Teaching = Ansèyman
Sètadi, sans sig SALT la vle di misyon òganizasyon sa a se pou anseye moun dekwa pou yo ka devlope sans kominote nan rann kont youn ak lòt pandan y ’ap fè ekonomi ansanm.
Òganizasyon SALT ap travay selon vizyon li, ki se :
-
Nou konprann lòm dapre Bib la
-
Bondye te kreye lòm sanble avè L, nan imaj Li. Jenèz 1.26-27
-
Bondye te konfye lòm ak yon responsabilite. Jenèz 1.28 ; Jenèz 2.15
-
Lòm pèdi bon relasyon ak Bondye e imaj Bondye nan lòm nan vin defigire akòz dezobeyisans, konsa tou lòm kraze relasyon ak pwòp tèt pa ‘l. Jenèz 3.1-13
-
Nan pinisyon pou peche a, relasyon lòm ak lòm e relasyon lòm ak rès kreyasyon an vin kraze. Jenèz 3.14-21
-
Anfen, poutèt chwa lòm nan, Bondye te oblije voye lòm soti nan prezans Li, e finalman lòm te mouri. Jenèz 3.22-24 ; Jenèz 5.5
-
-
Nou konprann bonè lòm nan se lè bagay ki te pèdi nan Adan yo ap restore nan Kris
-
Relasyon lòm ak Bondye
-
Relasyon lòm ak pwòp tèt pa ‘l
-
Relasyon lòm ak lòm
-
Relasyon lòm ak rès kreyasyon an
-
-
Nou konprann dapre plan Bondye pou rekonsilyasyon sa a reyalize
-
Chak moun dwe pran responsabilite pèsonèl nan pwosesis restorasyon an
-
Sakrifis Kris la se pou tout moun, nenpòt moun ki vle vin jwenn Bondye
-
Tout moun gen abilite, e Bondye konfye nou chak avèk yon talan
-
Nou chak pral rann kont devan Bondye pou sa nou fè nan kò sa
-
-
Bondye vle pou lòm viv an kominyon, nan mete tèt ansanm, kote nou va jwenn fòs, resous, e konsèy pou mennen yon vi tankou lòm e pou akonpli volonte Bondye
-
Tout moun kapab e yo dwe kontribye pou byen lèzòt
-
Bondye kreye tout moun egal, pa gen ni siperyè ni enferyè. Nou pa fè pou moun yo sa yo kapab fè pou kont yo, poutan sila yo ki pi fò dwe sipòte sila yo ki pi fèb. Tout moun gen kote li fèb, sa rann nou entèdepandan. Men, lè depandans lòm sou lòt vin anòmal devlopman ap kanpe.
-
Antanke pati fanmi imen nan nou gen pou n rann kont ak Bondye pou moun bò kote nou yo, kòman nou te viv ak vwazen nou yo.
-
-
Olye pou nou fokis sou sa nou manke, se pou nou sèvi byen ak sa k deja nan men nou pou fè l vin pi plis toujou.
-
​
Fondation GTH se yon òganizasyon entènasyonal ki anrejistre ak leta Ayisyen sou NIF: 000-578-413-0